1) Kreye yon kont Needpam
● Premye etap lan, se kreye yon kont Needpam si w patko kreye okenn kont avant sa, men siw te genyen deja, konekte sou li.
a) Si w pat ko kreye okenn kont avan sa, klike sou bouton sa pou kreye yon: Kreye
b) Si w te kreye yon kont deja, klike sou bouton sa pou konekte sou kont ou an: konekte
2) Ajoute pwodui an
● Asire w ke w kreye yon kont deja, epi konekte sou li avek EMAIL + PASSWORD ou.
a) Peze bouton COMPTE lan:
b) Si w pa gen store, men ou jis vle ajoute yon pwodui ou gen pou vann, kontinye suiv etap sa, men siw gen yon store ou met sote etap sa :
● Peze bouton Produits an:
● Peze bouton AJOUTER an
● Rantre tout enfòmasyon konsènan pwodui an:
1- Ajoute non pwodui an, ki kategori pwodui l ye:
2- Wap ajoute pri yon grenn nan pwodui an, si selman ou vann pwodui sa ni an gwo, ni an detay
3- Si ou vann pwodui sa an gro, wap chwazi komanw konn vann li nan lis lan, eske se pa sak, pa bokit, pa bwat:
4- Si ou pa vann li an gwo, wap chwazi : Pas de stock:

5- Fe yon ti pale de pwodui an:
6- Ekri non magazen oubyen moun kap vann pwodui sa
7- Ekri adrès magazen oubyen adrès moun kap vann pwodui an. Chwazi nan ki vil, ak ki depatman nan peyi an l ye.
8- Ajoute imaj pwodui an:
9- Apre imaj pwodui an fin monte, peze bouton “Enregistrer ” an:
10- Pwodui w ajoute yo ap parèt la:
● Siw bezwen modifye pwodui an, klike sou ti kreyon an
c) Si w gen yon store, wap ajoute store la avant, apre wap ajoute pwodui ak sèvis store la ofri yo. Klike sou bouton sa pou ajoute yon store:
Ajoute yon storeB) Ajoute yon Sèvis
Pou w ajoute yon sèvis sou Needpam, se prèske menm pwosesis ak lèw ap ajoute yon pwodui. Men pwosesis lan diferan si w sou yon odinatè ak si w sou yon telefòn.
1) Kreye yon kont Needpam
● Menmjan ak lew ap ajoute yon pwodui, premye etap lan, se kreye yon kont Needpam si w patko kreye okenn kont avant sa, men siw te genyen deja, konekte sou li.
a) Si w pat ko kreye okenn kont avan sa, klike sou bouton sa pou kreye yon: Kreye
b) Si w te kreye yon kont deja, klike sou bouton sa pou konekte sou kont ou an: konekte
2) Ajoute Sèvis lan
● Asire w ke w kreye yon kont deja, epi konekte sou li avek EMAIL + PASSWORD ou.
a) Peze bouton COMPTE lan:
b) Si w pa gen biznis, men ou jis vle ajoute yon sèvis ou gen pou ofri, kontinye suiv etap sa, men siw gen yon biznis ou met sote etap sa :
● Peze bouton Produits an:
● Peze bouton AJOUTER an
● Chwazi SERVICE olye de PRODUIT
● Rantre tout enfòmasyon konsènan sèvis lan:
1- Ajoute non sèvis lan, ki kategori sèvis li ye:
2- Wap ajoute pri sèvis lan si se yon pri ki fiks, men si selman pri an negosyab, jis koche PRIX NEGOCIABLE lan
3- Fe yon ti pale de sèvis lan:

4- Ekri non biznis oubyen moun kap vann sèvis sa
5- Ekri adrès magazen oubyen adrès moun kap vann sèvis sa. Chwazi nan ki vil, ak ki depatman nan peyi an l ye.
6- Ajoute imaj sèvis lan:
7- Apre imaj sèvis lan fin monte, peze bouton “Enregistrer ” an:
8- Sèvis ou ajoute yo ap parèt la, menm kote ak pwodui w ajoute yo:
● Siw bezwen modifye sèvis lan, klike sou ti kreyon an
c) Si w gen yon store, wap ajoute store la avant, apre wap ajoute sèvis store la ofri yo. Klike sou bouton sa pou ajoute yon store:
Ajoute yon storeSiw ta rankontre yon pwoblèm?
Siw ta rankontre yon pwoblèm, pa ezite kontakte nou.
Kontakte Nou